dimanche 22 novembre 2015

KILÈS GWOUP 8 KANDIDA (G8), KAP FÈ MOBILIZASYON YO YE?

Depi apre lanmò Jan Jak Desalin 17 Oktòb 1806, peyi Dayiti vin’n tounen yon peyi, kote rinmen pouvwa anvayi lespri yon pakèt abitan nan lwès patikilyèman Pòtopwens, se sa ki pwal fè ke, tout chabrak peyi-an majorite nan yo kontwole pa dinasti gwo boujwa nan Pòtopwens depi apwe gouvènman Boyer. Sonje manifès de Praslin an te rekòmande pou se yon ti nèg po nwè tèt gren’n ki pou toujou alatèt kòmand peyi-an. Donk, Mesye milat yo ou byen klas boujwa peyi-an toujou prepare yon pope twèl pou mete prezidan ak lajan yo, epi yon lòt bò se yo ki genyen kontwòl ekonomik peyi-an. Se yon’n nan rezon ki fè devlòpman peyi-an pa te jan’m rive posib akòz de klas sila ki toujou dominan. Peyizan vi’n pi pòv, e popilasyon kontwole kou zegwiy ak moun sila yo, ki toujou genyen men yo dèyè evènman k’ap pase nan peyi-an. An Ayiti pa gen reyèlman politisyen gòch, ni dwat, an reyalite pa genyen yon doktrin’n politik estab vre.Kandida nou yo pa konnen anyen de politik, se tatonnen yo toujou ap tatonnen, yo pa genyen an reyalite yon sistèm politik. Pou nou vini sou gwoup 8 kandida pou pòs prezidan yo, kilès yo ye vrèman ? Gwoup 8 – 54 lan genyen ladan li, Jude Celestin, Sauveur Pierre Etienne, Moise Jean Charles, Steven Benoit, Jean Henry Ceant, Mario Andresol, Samuel Madistin e Eric Jean Baptiste. Mesye sila yo se gwoup pretansye ki pap regle anyen vre. Men lè nou pale de Gwoup 8, gwoup lan menm rive nan 10 a 12, si nou ta vle pale de Mathias Pierre, Simon Desras, Edmonde Supplice Bauzile elatriye… M’ap di nou sa, Steven Benoit, Moise Jean Charles, Simon Desras, Websner Polycarpe, Pè Anique ak Senatè Jean Baptiste, sis (6) KOMEDYEN sila yo te genyen mwayen pou dote peyi-an de yon bon KEP. Sonje mesye sila yo nan politik divize pou renye yo mete kanpe nan peyi-a, bi yo te genyen se pa kite prezidan Michel Martelly fini 5 ane pouvwa li. Mesye sila yo plis pa wè peyi-an vre, men vrè motivasyon yo, se vanje pouvwa ansyen prezidan Lavalas la Jean Bertrand Aristide ke Michel Joseph Martelly te patisipe nan ranvèsman li. Se sa ki fè yo itilize tout estrateji pou yo rive a sa yo vle fè an. Gwoup senatè sila yo bloke tout tantativ yon konsèy elektoral lejitim pou peyi-an, yon kanpe pou bloke tout desizyon ekzekitif lan an matyè elèktoral. Yo te genyen nan tèt yo ke peyi an pwal cho premye lendi Janvye 2015, jou majorite manb palman an pral jwenn bout manda yo. Chanm bas la pral destitiye e gwoup 6 senatè yo 4 nan yo manda yo tou pral bout. Apre 12 Janvye, malgre tout negosiyasyon yo te kanpe wong pap gen fòmasyon KEP, prezidan Michel Martelly fè soti yon arête e li fòme konsèy elektoral pwovizwa lan. Mwen panse tizè pouvwa yo ta pral konteste KEP jan yo te fè li avan an. Polycarpe Kandida, Moise Jean Charles Kandida, Steven Benoit Kandida, MOPOD ki tap fè manifestasyon tout jounen pou kore gwoup 6 lan bay yon kandida (Me Samuel Madistin), Me Andre Michel ki t’ap pèsekite fanmiy Prezidan an nan non lajistis kandida tou, an tou 53 kandida soti nan mitan yo, pandan ke yo te kapab chwazi yon kandida nan mitan yo, si toutfwa se pa pwòp tèt yo yo te wè oubyen pouvwa. Ki lekti politik yon moun kapab fè la, tout batay ki genyen la, nou pa ka fè yon mòd kwalisyon konsa konfyans. An nou fè yon ti pale de Jude Celestin, kisa li genyen dèyè tèt li ? Jude Celestin nan tout sans pap janm rive prezidan Dayiti, se kandida ki pi malere pami tout lòt kandida yo. Jude Celestin fè yon kalkil emosyonel ki koute li chè, li senpatize a Moise Jean Charles nan filozofi politik (oubyen nan mòd politik kraze brize li an) ke li genyen moun ase pou li te bon nan premye tou, e li tou fè Jude konpran’n se paske pouvwa wè ke li pi fasil ak li pou li genyen ki lakòz ke li nan 2e Tou, bat pou li fè JOVENEL MOISE menm sa yo te fè li-an an 2010. Dapre yo an 2010 se te Jude ki te an 2e pozisyon KEP an voye li an 3e Pozisyon. Sa mesye Jude Celestin pa rive kopye, li pa te an 1e Pozisyon li menm se an 2e li te ye, jan li fè tout moun kwè an. Se pousa li deklare mete Jovenel Moise deyò nan kous lan, yon desizyon ke sèl enbesil ta va pran. An nou sipoze ke Jovenel Moise ta va deyò nan kous elektoral lan, Jude Celestin pral an fas Moise Jean Charles ki depi yon bon bout tan li menm se lidè STAR nan manifestasyon kont rezilta eleksyon an. Sa montre nou klè, ke Moise ta va menm pran ti gwoup moun ki ap soutni Jude Celestin yo nan kapital la._ Yon lòt bò, Nou pa menm bezwen pale si sitiyasyon an pa Chanje yo ta va bay, Jovenel ak Jude nan 2e Tou eleksyon yo nan rezilta definitif lan. Etid ki fèt la, montre a klè ke, Jovenel Moise déjà ranpòte eleksyon, poukisa se paske nan Nò peyi-an, tankou Latibonit, Nò, Nòdès, Nòdwès ak nan Sant peyi-an, pa genyen moun ki konbat Jovenel. Lè nou konsidere l’ap fè ekilib ak Jude nan lwès sid, Sidès, Sidwès ak nan Nip. Men an konklizyon ak tout seremoni Djab nèg opozisyon ap fè tou lajounen nan peyi-an, ak kantite moun nan klas omoseksyèl(Masisi yo) ki ap mache swa ak Moyiz oswa Jude Celestin nan manifestasyon, yo pa reyalize ke yo pèdi elektora pwotestan an ak anpil moun moral nan peyi-an. Yo toujou di kote ki genyen ignyorans ebyen aksyonè se wa, mwen panse pa genyen yonn nan moun gwoup 8 yo ki ka konvenk mwen ke yo vin’n chanje Ayiti. Se yon gwoup, Magouyè, Aktivis politik ki vin’n ogmante mizè pèp la nan fè mansonj ak tronpri. Mesye sila yo pa genyen vrèman yon bon pwojè sosyete vre pou pèp ayisyen an se yon ban’n sousèt ki vini pou piye e kreye yon lòt klas nouvo rich, e remanbre klas boujwa an, nan detriman pèp Ayisyen an. Sa ki pòv ap vin’n pi Pòv. Yon’n nan pèsonaj ki te senatè e ki kandida pou prezidan, ki se lawont pou moun plato santral, se Simon Dieuseul Desras, se yon nonm san pwotokòl, li di sa li vle, e se yon nèg ki ta dwe touve li nan prizon paske yo trouve plizyè pwose vèbal elektoral kote li falsifye yo. Simon Dieuras, se yon mantè grav, ti machann yo nan lari-an toujou ap di, ke se bwase y’ap bwase, men misye li l’ap fè yon Politik kote se grapiye l’ap grapiye pou li kapab jwenn yo elektora. Se nèg ki pap pè kote li chita la nan yon ti moman, l’ap fè manti grav sou ou. Yon konpòtman ki mete diyite li an je oubyen sa li genyen ki rete kòm diyite.Yon nan rezon ki fè misye pa vle wè Kaplim, se paske li te swete vinn premye minis nan plas li, Martelly pa te chwazi li. Ebyen mwen sèten se pou rezon sa li pa moute bourik a 2 ak Kaplim. Menm si yo pa renmen Martelly se yon ban'n ranpè yo ye tou wi. Nèg sila yo pa rekile menm devan lajan ak fè koripsyon nan leta-a. Steven Benoit mwen pa rete kwè ke li se yon move moun, mwen kwè li rinmen peyi an menm jan ak anpil Ayisyen natif natal, men kit e ka prezidan peyi-an si li pa te chwazi poze kandidati li pou pòs senatè an 2010. Genyen anpil moun ki damoun pou Steven ki mande nan kisa li tonbe la. Ak patisipasyon li nan mouvman gwoup 8 lan, Steven Benoit pèdi Mit tout moun te genyen de li an. Yon sitwayen pèzib kip a nan vyolans, yon nèg ki rinmen estabilite ak lapè. Pandan li aksepte ke li bèl e byen pèdi epwi l’ap konteste, Pouki ? se paske li toujou genyen dèyè tèt li pou ranvèse Prezidan Martelly a kote Moise Jean Charles ke kominote Intènasyonal wè tankou yon anachis. An nou gade JOVENEL MOISE ki se kandide PHTK ki se yon pati politik pwòch pouvwa-a, se yon moun nan Nò, Non li pa repete lontan nan politik peyi-a, menm jan ak kandida tradisyonèl yo a lesepsyon Eric Jean Batis ki fenk parèt men ki genyen yon politik vanjans menm jan ak Moise Jean Charles. Jovenel se yon nèg ki soti nan mitan klas peyizan an ki toujou ap sibi anba chabrak nan Pòtoprens, Se yon nèg ki chita lekol e ki byen fòme tou, kòm nou kapab wè li nan deba li yo sou televizyon ak nan radyo. Se yon teknisyen li pa yon politisyen ki ap goumen pou li vin’n prezidan peyi –a. Kounye-a kesyon nou dwe poze, eske Jovenel se ti Tchoul Martelly li pral fè sou pouvwa-a jan moun ki opeze a li yo fè konnen? Menm si mwen menm mwen konnen se pa vre. Eske li pap eritye de Prezidan Martelly Opozisyon MOPOD, Fanmi Lavalas menm jan an an dèyè do li ? Eske menm jan ak tout Martelly nou pap genyen yon 5 an opozisyon ankò ? se anpil kek syon ki rete san repons. Men yon sèl bagay nou konnen fòk genyen yon prezidan kanmenm 7 Fevriye 2016.
Ajouter une légende
Ajouter une légende

vendredi 20 novembre 2015

POU RNDDH AK LÒT ÒGANIZASYON DWAZIMEN BLÒF YO,"YON POLISYE SE YON CHEN"

Jis kapwezan lè nou fè yon ti kalkil tankou BIC di. Ta va sanble Marie Yolène Gilles e Pierre Esperance ak tout DWA DE LÒM k'ap pouse nan peyi-an tankou Djondjon lagon yo, pa la pou defan'n dwa Lapolis. Menm si Polisye yo ap tonbe anba bal individi san fwa ni lwa tout jounen, Mesye dam, swadizan Dwa de lòm yo, ki wè sèlman manje lajan Òganizasyon Entènasyonal yo, nan di y'ap mennen anket osinon nan tòde men òganizasyon sila yo pou pran lajan pou fè fòmasyon bidon nan tout peyi-an. Dayè se youn nan mwayen pou fè lajan fasil nan Pòtoprens, se pousa jan politik peyi Dayiti vire se konsa yo reyaji, yo toujou gen fòs kote. Òganizasyon ki di yap defann dwa moun yo rete bèbè ou ta va genyen enpresyon yo ta va danse lè yo tande gen yon Polisye ki tonbe. Men depi se polisye yo ki tiye yon bandi k'ap tèrorize popilasyon-an, se zen ki fèt, se yon ban'n pale anpil, Se lè sa pou yo kòmanse ap fè chèlè nan tout radyo ki bay nouvèl nan peyi-an. Ta va sanble yo pi pré chimè yo kap brize vit machin moun, bandi k'ap rantre kòn bèf nan kò tibebe... Men polisye yo fè tou wi, toujou genyen sa nan tout peyi, men yo rete pitit nasyon-an, se yo kap pwoteje nasyon-an. Genyen moun yo fè abi ak fos pouvwa yo genyen men yo rete kòm fòs nasyonal peyi a. Yon polisye se yon sèvitè nasyon-an, se pa yon lèdmi, genyen plizyè kò espesyalize nan lapolis la menm jan sa ye nan tout peyi ki nan lemond. Genyen ki la pou konbat moun kap fè dezòd sitou lè ka an depase polisye regilye yo, sa yo rele polis jidisyè yo. Lè konsa yo rele CIMO ou byen UDMO pou entèvni pou mete lapè, e kò sila y opa fòmasyon yo se rive estabilize ou byen pasifye lè yo rive nan yon zòn cho. Genyen polisye ki se polisye ki la pou pwoteje zòn touris yo, yo genyen yon fòmasyon espesyalize pou sa. Tankou polisye ki se SWATT se yon abrevyasyon angle ki siyifi (Special Weapons and Tactics Team), se yon gwoup polisye pwofesyonel nan fè entèvansyon rapid e pwòp, lè lapolis la genyen pou fè fas ak gwoup paramilitè, e kote ka sila yo depase konpetans lapolis. Genyen lòt kò ki espesyalize nan fè sikilasyon, nan konbat gang ame, nan konbat sikilasyon dwòg nan peyi-an, nan jesyon frontyè yo ak konbat rezo kidnaping se responsab lapolis la ki konnen kilès kò ki genyen atribisyon pou konbat jan de bagay sila yo, kapab genyen lòt inite diferan. Nan yon peyi tankou Ayiti, kote genyen moun k’ap fè politik kip a klasik, kote tout lajounen y’ap pwofite inyorans frè nou yo ak sè nou yo, pou degouden, sa vle di ba yo lajan pou fè manifestasyon tout lajounen pou yo. Kote ke genyen gwoup denterè kap bay gwo lajan pou simen latwoublay nan mitan popilasyon-an, remake byen pou yon malere mil(1000) goud se anpil lajan. E pou yo kapab reyisi yo itilize sèvis anpil Gran avoka tankou Mèt Newton Saint-Juste ak anpil lòt pou kouvri ou byen jistifye zak malonèt moun ke yo peye yo. Yon lòt bò, yo bay gwo lajan a Gwoup moun dwazimen yo, pi patikilyèman RNDDH ki genyen kòm majò jon Pierre Esperance ak Marie Yolène Gilles, ak anpil lòt òganizasyon dèyè manman ki se menm kò gang nan tou, pou denonse tout desizyon polisye sila yo ta va pran kont malfèktè sila yo. Genyen anpil Radyo nan kapital tou ki jwen’n gwo sòm lajan pou mennen menm kanpay la tou, yon fason pou distrè lopinyon piblik la sou sa k’ap fèt vrèman. Nan menm pakèt la tou, genyen politisyen jiwèt, malpouwont ki kanpe dèyè desizyon sila yo tou, yon fason pou yo wè ke yo a lavangad de tout sa kap dewoule nan peyi-an yo rantre san leve ti mouchwa nan kanpay sila tou. Nan kontèks sila lapolis la vin’n objè de anpil kritik adwat agòch, yo moute tèt pèp la pou fè konnen ke se babilòn polisye yo ye. N’ap viv nan yon peyi espesyal, kote nou genyen yon nasyon ki pouri ak kòripsyon, ou pa genyen moun ou ka fè konfyans. Toujou genyen yon konplo kont « La sureté de l’Etat », se konsa genyen anpil aktè kap moute nechèl politik la nan peyi-a, men yo pakapab fè li nan diyite paske sa pwal pran twòp tan yo chwazi chimen kòripsyon, men panse ke moun dwazimen yo ta va ladan li tou, se yon bagay ki grav. Mesye dam ki vante non yo gwoup dwazimen yo an Ayiti yo, se politisyen yo ye. Yon moun k’ap defann dwa moun se yon moun ki ap chèche defann dwa chak kretyen vivan genyen kelke swa kondisyon sosyal li, kelke swa koulè po kò li, oubyen gwoup sosyal li fè pati de li an. A chak fwa dwa moun sila yo bafwe, yo mete an peril yon sosyete egalitè sa vle di menm dwa, kelke swa se yon bagay ki genyen pou wè ak politik oubyen relijyon. Depi nan yon sosyete gen opresyon oubyen represyon kont yon gwoup oubyen kont dwa moun genyen ebyen se la Dwazimen an dwe reyaji (Le droit de la personne). Men pou Pierre Esperance se gouvènman ki lakòz moun Belè ap voye boutèy kraze vit machinn sou lalue elatriye… Pou Marie Yolène Gilles ak tout lòt yo se paske gouvènman peyi-a koupyon ki mete popilasyon sivil la ankolè kif è y’ap mache fè vyolans nan lari-a, voye boutèy voye wòch, boule kawotchou, fèmen lekòl jan yo vle. Lapolis te dwe kanpe ap gade san li pa fè anyen, Donk me ki peyi Dwazimen yo ap ofri nou. Yon lòt kote kisa yon politisyen ye? Yon politisyen se yon moun ki eli pa pèp la a yon pòs nan leta (Suffrage Universel) ou gen dwa enterese a politik men sa pa fè de ou yon politisyen pou otan. Yon moun ki politisyen premye bagay li dwe nouri pou peyi li se lanmou, li se ta dwe yon moun k’ap chèche bonè popilasyon an, yon politisyen ta dwe rinmen estabilite pou peyi li. Li pa ta dwe wè bonè pèsonèl li men se bonè tout Moun nan peyi-a an jeneral. Men si se konsa pa genyen sa menm nan peyi nou. Lèn konsidere Senatè Simon Dieuras ki mande gouvènman lame Chilyen pou kreye enstabilite nan peyi-an paske li opoze a gouvènman Michel Martelly an, lè nou konsidere Prezidan Michel Martelly Chwazi pou moute pri Gazoline ak dyezèl nan peyi-a jis pou ran’n lavi-an pi chè, li pran plezi pou fè moun peye plis taks chak jou.Lèn konsidere Senatè Moyiz Jean Charles yon nonm san pwotokol, k’ap mache fè manifestasyon vyolan nan tout peyi-a. Lèn konsidere anplwaye imigrasyon kif è mache nwa ak paspò nan peyi-a. Lèn konsidere DGI ki ap peze moun kap fè biznis yon an kesyon milyon pou gen yon sètifika patant nan peyi-a. Lè nou konsidere lekòl pè ak lekòl mè yo kip eye pi chè nan peyi-a malgregen nan yo ki jwenn sibvansyon leta. Politisyen pa janm di anyen sou sa. Omwen òganizasyon ki vini tankou se makak ki di y’ap defan’n dwa Moun. Fòk nou dakò ke moun sila yo fè ti peyi nou an tounen yon savan’n oubyen yon Jeng kote sèl lwa ki prime se : « La loi du plus fort”. Polisye yo sèlman k’ap peye ko ukase (Boucs émissaires ) Se yon bagay ke'm konstate lè genyen yon sitiyasyon ki prezante nan peyi an, w'ap toujou wè Mesye Dam dwa zimen yo, ale nan menm sans ak kòmantatè politik yo, paske yo pa rive fè diferans ant POLITIK AK DWA MOUN pou yo men'm "c'est la même chose ! "