vendredi 20 novembre 2015

POU RNDDH AK LÒT ÒGANIZASYON DWAZIMEN BLÒF YO,"YON POLISYE SE YON CHEN"

Jis kapwezan lè nou fè yon ti kalkil tankou BIC di. Ta va sanble Marie Yolène Gilles e Pierre Esperance ak tout DWA DE LÒM k'ap pouse nan peyi-an tankou Djondjon lagon yo, pa la pou defan'n dwa Lapolis. Menm si Polisye yo ap tonbe anba bal individi san fwa ni lwa tout jounen, Mesye dam, swadizan Dwa de lòm yo, ki wè sèlman manje lajan Òganizasyon Entènasyonal yo, nan di y'ap mennen anket osinon nan tòde men òganizasyon sila yo pou pran lajan pou fè fòmasyon bidon nan tout peyi-an. Dayè se youn nan mwayen pou fè lajan fasil nan Pòtoprens, se pousa jan politik peyi Dayiti vire se konsa yo reyaji, yo toujou gen fòs kote. Òganizasyon ki di yap defann dwa moun yo rete bèbè ou ta va genyen enpresyon yo ta va danse lè yo tande gen yon Polisye ki tonbe. Men depi se polisye yo ki tiye yon bandi k'ap tèrorize popilasyon-an, se zen ki fèt, se yon ban'n pale anpil, Se lè sa pou yo kòmanse ap fè chèlè nan tout radyo ki bay nouvèl nan peyi-an. Ta va sanble yo pi pré chimè yo kap brize vit machin moun, bandi k'ap rantre kòn bèf nan kò tibebe... Men polisye yo fè tou wi, toujou genyen sa nan tout peyi, men yo rete pitit nasyon-an, se yo kap pwoteje nasyon-an. Genyen moun yo fè abi ak fos pouvwa yo genyen men yo rete kòm fòs nasyonal peyi a. Yon polisye se yon sèvitè nasyon-an, se pa yon lèdmi, genyen plizyè kò espesyalize nan lapolis la menm jan sa ye nan tout peyi ki nan lemond. Genyen ki la pou konbat moun kap fè dezòd sitou lè ka an depase polisye regilye yo, sa yo rele polis jidisyè yo. Lè konsa yo rele CIMO ou byen UDMO pou entèvni pou mete lapè, e kò sila y opa fòmasyon yo se rive estabilize ou byen pasifye lè yo rive nan yon zòn cho. Genyen polisye ki se polisye ki la pou pwoteje zòn touris yo, yo genyen yon fòmasyon espesyalize pou sa. Tankou polisye ki se SWATT se yon abrevyasyon angle ki siyifi (Special Weapons and Tactics Team), se yon gwoup polisye pwofesyonel nan fè entèvansyon rapid e pwòp, lè lapolis la genyen pou fè fas ak gwoup paramilitè, e kote ka sila yo depase konpetans lapolis. Genyen lòt kò ki espesyalize nan fè sikilasyon, nan konbat gang ame, nan konbat sikilasyon dwòg nan peyi-an, nan jesyon frontyè yo ak konbat rezo kidnaping se responsab lapolis la ki konnen kilès kò ki genyen atribisyon pou konbat jan de bagay sila yo, kapab genyen lòt inite diferan. Nan yon peyi tankou Ayiti, kote genyen moun k’ap fè politik kip a klasik, kote tout lajounen y’ap pwofite inyorans frè nou yo ak sè nou yo, pou degouden, sa vle di ba yo lajan pou fè manifestasyon tout lajounen pou yo. Kote ke genyen gwoup denterè kap bay gwo lajan pou simen latwoublay nan mitan popilasyon-an, remake byen pou yon malere mil(1000) goud se anpil lajan. E pou yo kapab reyisi yo itilize sèvis anpil Gran avoka tankou Mèt Newton Saint-Juste ak anpil lòt pou kouvri ou byen jistifye zak malonèt moun ke yo peye yo. Yon lòt bò, yo bay gwo lajan a Gwoup moun dwazimen yo, pi patikilyèman RNDDH ki genyen kòm majò jon Pierre Esperance ak Marie Yolène Gilles, ak anpil lòt òganizasyon dèyè manman ki se menm kò gang nan tou, pou denonse tout desizyon polisye sila yo ta va pran kont malfèktè sila yo. Genyen anpil Radyo nan kapital tou ki jwen’n gwo sòm lajan pou mennen menm kanpay la tou, yon fason pou distrè lopinyon piblik la sou sa k’ap fèt vrèman. Nan menm pakèt la tou, genyen politisyen jiwèt, malpouwont ki kanpe dèyè desizyon sila yo tou, yon fason pou yo wè ke yo a lavangad de tout sa kap dewoule nan peyi-an yo rantre san leve ti mouchwa nan kanpay sila tou. Nan kontèks sila lapolis la vin’n objè de anpil kritik adwat agòch, yo moute tèt pèp la pou fè konnen ke se babilòn polisye yo ye. N’ap viv nan yon peyi espesyal, kote nou genyen yon nasyon ki pouri ak kòripsyon, ou pa genyen moun ou ka fè konfyans. Toujou genyen yon konplo kont « La sureté de l’Etat », se konsa genyen anpil aktè kap moute nechèl politik la nan peyi-a, men yo pakapab fè li nan diyite paske sa pwal pran twòp tan yo chwazi chimen kòripsyon, men panse ke moun dwazimen yo ta va ladan li tou, se yon bagay ki grav. Mesye dam ki vante non yo gwoup dwazimen yo an Ayiti yo, se politisyen yo ye. Yon moun k’ap defann dwa moun se yon moun ki ap chèche defann dwa chak kretyen vivan genyen kelke swa kondisyon sosyal li, kelke swa koulè po kò li, oubyen gwoup sosyal li fè pati de li an. A chak fwa dwa moun sila yo bafwe, yo mete an peril yon sosyete egalitè sa vle di menm dwa, kelke swa se yon bagay ki genyen pou wè ak politik oubyen relijyon. Depi nan yon sosyete gen opresyon oubyen represyon kont yon gwoup oubyen kont dwa moun genyen ebyen se la Dwazimen an dwe reyaji (Le droit de la personne). Men pou Pierre Esperance se gouvènman ki lakòz moun Belè ap voye boutèy kraze vit machinn sou lalue elatriye… Pou Marie Yolène Gilles ak tout lòt yo se paske gouvènman peyi-a koupyon ki mete popilasyon sivil la ankolè kif è y’ap mache fè vyolans nan lari-a, voye boutèy voye wòch, boule kawotchou, fèmen lekòl jan yo vle. Lapolis te dwe kanpe ap gade san li pa fè anyen, Donk me ki peyi Dwazimen yo ap ofri nou. Yon lòt kote kisa yon politisyen ye? Yon politisyen se yon moun ki eli pa pèp la a yon pòs nan leta (Suffrage Universel) ou gen dwa enterese a politik men sa pa fè de ou yon politisyen pou otan. Yon moun ki politisyen premye bagay li dwe nouri pou peyi li se lanmou, li se ta dwe yon moun k’ap chèche bonè popilasyon an, yon politisyen ta dwe rinmen estabilite pou peyi li. Li pa ta dwe wè bonè pèsonèl li men se bonè tout Moun nan peyi-a an jeneral. Men si se konsa pa genyen sa menm nan peyi nou. Lèn konsidere Senatè Simon Dieuras ki mande gouvènman lame Chilyen pou kreye enstabilite nan peyi-an paske li opoze a gouvènman Michel Martelly an, lè nou konsidere Prezidan Michel Martelly Chwazi pou moute pri Gazoline ak dyezèl nan peyi-a jis pou ran’n lavi-an pi chè, li pran plezi pou fè moun peye plis taks chak jou.Lèn konsidere Senatè Moyiz Jean Charles yon nonm san pwotokol, k’ap mache fè manifestasyon vyolan nan tout peyi-a. Lèn konsidere anplwaye imigrasyon kif è mache nwa ak paspò nan peyi-a. Lèn konsidere DGI ki ap peze moun kap fè biznis yon an kesyon milyon pou gen yon sètifika patant nan peyi-a. Lè nou konsidere lekòl pè ak lekòl mè yo kip eye pi chè nan peyi-a malgregen nan yo ki jwenn sibvansyon leta. Politisyen pa janm di anyen sou sa. Omwen òganizasyon ki vini tankou se makak ki di y’ap defan’n dwa Moun. Fòk nou dakò ke moun sila yo fè ti peyi nou an tounen yon savan’n oubyen yon Jeng kote sèl lwa ki prime se : « La loi du plus fort”. Polisye yo sèlman k’ap peye ko ukase (Boucs émissaires ) Se yon bagay ke'm konstate lè genyen yon sitiyasyon ki prezante nan peyi an, w'ap toujou wè Mesye Dam dwa zimen yo, ale nan menm sans ak kòmantatè politik yo, paske yo pa rive fè diferans ant POLITIK AK DWA MOUN pou yo men'm "c'est la même chose ! "

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire